Elèv k ap aplike pou admisyon nan Broward College e ki deklare yo se rezidan nan Florida, dwe ranpli epi soumèt yon Afidavi sou Rezidans avèk omwen 2 prèv sou rezidans nan Florida, bay Biwo Admisyon an, ki nan nenpòt kanpis oswa sant. Nenpòt elèv k ap mande pou yon chanjman nan kondisyon non-rezidan l lan, dwe soumèt omwen 3 prèv sou Rezidans nan Florida, pou sipòte demann y ap fè pou reklasifikasyon an ke yo soumèt bay Komite Dapèl sou Rezidans lan. Fòm ki pi ba yo ke w ap jwenn nan lyen suivan yo, nesesè pou pwosesis prèv sou rezidans oswa reklasifikasyon an.
Nòt pou plasman yo obligatwa pou tout elèv k ap travay pou resevwa yon degre.
Elèv yo ka itilize rezilta pou egzamen ACT, SAT oswa Egzamen pou Preparasyon apre Etid Segondè (PERT) si rezilta sa yo gen mwenske dezan.
Si lang angle se dezyèm lang ou aprann pale e ou pa konplete kou angle regilye pandan dezan nan yon lekòl segondè Ozetazini, ou oblije pran egzamen pou Nivo Konpetans nan Lang Angle (Levels of English Proficiency : LOEP) a. LOEP a gen de (2) pati ladan l : Yon redaksyon ki kout ak yon egzamen enfòmatize. Egzamen enfòmase a evalye nivo konpreyansyon nan lekti ak nan koute.
Pou yo sa admèt ou pou pran yon Egzamen Plasman Enfòmatize (CPT) , se pou pote resi pou frè aplikasyon w lan ak yon idantifikasyon ki gen foto, nan kote y ap administre egzamen an. Verifye avèk kanpis la (yo) pou konn lè ak kote k ap disponib pou pran egzamen yo. W ap jwenn enfòmasyon sa a nan lyen ki pi ba yo.
Anrejistreman se yon bagay ki byen fasil; annik fè detwa klike epi ou bon ! Yon fwa ou chwazi kou w yo, chwazi youn nan opsyon suivan yo pou anrejistre :
Sou entènèt : Klike sou BCmnan (myBC)
Toujou enprime orè w la pou verifye enfòmasyon anrejistreman w lan ak dat limit pou peman w lan.
Se pou w peye frè yo okonplè anvan dat limit ki parèt sou orè kou a oswa nan dat sa a menm. Men fòm peman ki akseptab yo :
Sou entènèt : klike sou BCmnan (myBC)
Ou ka fè peman yo sou fòm lajan kach, chèk, manda postal oswa kat kredi bankè (MasterCard, Visa, American Express oswa Discover)