Byenveni nan sitwèb sondaj katye Broward UP Promise Neighborhoods (BUP-PN)!

Pwogram Broward UP Promise Neighborhoods la andedan Broward College ap bati yon kanal soti nan premye etap yo jouk rive nan yon metye nan kominote’w la pou ede fanmiy ak ti moun yo reyisi nan lekòl, pou yo vi’n kalifye e jwenn travay ak bon jan salè.  Sondaj sa ap reyini enfòmasyon ki enpòtan pou konpwann sa kominote a bezwen, e pou prepare pwogram kap kontribye pou moun apwann li e prepare demen yo nan lekòl segondè.

Rechèch yo montre ke lekti pou timoun nan premye ane yo, mennen nan pi bon rezilta alfabetizasyon ak devlopman mantal. Pwojè Promise Neighborhoods la ta renmen reyini enfòmasyon sou kantite tan paran yo ak moun k ap bay swen yo, pwan pou li pou pitit yo depi yo fèt jouk yo antre nan jadendanfan, epi si paran yo ak moun k ap bay swen yo, pale ak elèv lekòl segondè yo sou enpòtans yon edikasyon kolèj avèk jwenn yon travay apre gradyasyon.

Kesyon sou si Patisipan an kalifye  & jan Pwogram lan kenbe Sekrè

N’ap chache pou rasanble reyaksyon soti nan plizyè gwoup moun k ap viv nan sis rejyon postal Broward County: 33309, 33311, 33313, 33319, 33023, ak 33069. Patisipasyon nan sondaj sa a totalman volontè, epi tout repons yo pral rete anonim epi an sekrè. Yo p ap mande enfòmasyon sou la vi pèsonèl ou nan sondaj la. Y ap kenbe dosye pwojè a an sekirite, epi se sèlman manm ekip pwojè yo kap gen aksè a dosye enfòmasyon yo. 

Danje Patisipasyon a gen ladann

Gen ti kras, oswa okenn danje ke yo prevwa lè w patisipe nan pwojè a. Si gen nenpòt kesyon sondaj la ki ka fè’w santi w pa alèz, ou lib pou w di ke ou deside pou w pa patisipe nan aktivite rasanble enfòmasyon yo. Danje ki posib yo pa pi gwo pase sa yo jwenn nan lavi chak jou, oswa nan aktivite nòmal nan lekòl/kolèj.

Sondaj sa ta dwe pran pa plis pase senk (5) minit, epi nan yon sèl rale. Pou kesyon ki pa konsène pitit ou oswa gwoup laj timoun yo, tanpri peze sou "Kesyon sa pa pou mwen". Komisyon Revizyon Enstitisyonèl Broward College (IRB) te apwouve sondaj sa.

Broward UP Promise Neighborhoods 
954-201-7054 
www.broward.edu/promise 
promiseneighborhoods@broward.edu 

Seksyon kap bay lajan # S215N210041-22 nan Depatman Edikasyon USA, li sipòte yon pati nan pwogram Broward UP Promise Neighborhoods la.